Arsenal kontinye rete lidè nan Premier League la

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
arsenal kontinye rete lidè nan premier league la

Nan match anreta ki konte pou setyèm jounen chanpyona anglè an, Arsenal kraze jodi mèkredi a Everton (4-0) avèk prensipalman yon double pou Gabriel Martinelli.

Gunners yo ki t ap resevwa Toffees yo nan Emirates Stadium lan, genyen fasilman jodi mèkredi an 4 gòl a zewo gras ak atakan brezilyen an, Martinelli, ki fè yon double epi Bukayo Saka ak kapitèn ekip lan, Martin Ødegaard, nan 71èm minit.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon bèl viktwa pou poulen Mikel Arteta yo ki konsolide plas lidè yo nan Premier League la, kote pou kounya yo gen 5 pwen anplis Citizens yo ki swiv yo an dezyèm pozisyon avèk 55 pwen.

Gunners yo ki te konnen yon peryòd difisil pandan mwa fevriye an avèk prensipalman yon defèt fas Manchester City (1-3), rekòmanse ak seri bon rezilta yo an kote sou twa dènye match yo nan Premier League lan yo rive genyen tout.

Aprè 25 jounen chanpyona, Arsenal kontinye rete lidè Premier League la, avèk 60 pwen, kote yo genyen yon bilan 19 viktwa, twa match nil ak twa defèt. Gunners yo sou wout ranpòte chanpyona anglè an aprè anviwon 19 lane.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.