Vinicius se yon eleman enpòtan pou Real Madrid » daprè Ancelloti

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
vinicius se yon eleman enpòtan pou real madrid daprè ancelloti

Pou demi final ale Copa del Rey la ant Real Madrid ak Barcelone, antrenè Merengue yo fè konnen nan konferans pou laprès « Vinicius se yon jwè endispansab pou Real Madrid ». Ekip Real Madrid la ap resevwa Barcelone ak anpil konfyans demen jedi a pou yon dezyèm klasiko pou ane 2023 a.

Nan konferans pou laprès jodi mèkredi a, antrenè Italyen an montre konfyans li genyen nan ekip li a, avan rankont fas ekip Barcelone nan pou demi final ale Copa del Rey la. Antrenè a te tou pwofite fè elòj jwè Brezilyen an, Vinicius ki anfòm epi desizif pou Casa Blanca yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Depandans Vinicius la, se yon bagay ki pozitif. Se youn nan meyè jwè mond lan, ki pafwa, fè nou genyen advèsè nou yo. Depandans li an se yon bagay nòmal. » Se sa teknisyen Italyen an fè konnen.

Poze l kesyon sou Karim Benzema li te ale nan sans sa :  » Karim enpòtan anpil pou nou, sezon pase a li te montre l desizif anpil pou nou, nou espere l ap fè menn bagay la pou sezon an. Nou nan moman enpòtan pou sezon an, genyen Benzema ak nou se di nou pi prè tit la ».

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive