Depatman Deta Meriken met Ayiti nan lis peyi pou moun pa vwayaje yo

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
img 20230301 wa0312

Jodi jedi 1ye mas la, Depatman Deta Ameriken bay yon lis plizyè peyi pou moun pa vwayaje, pami yo, Ayiti, daprè depatman an, nivo ensekirite a deja rive nan 4yèm klas li nan divès peyi ki mansyone yo.

Sa gen kèk minit, Depatmann Deta Ameriken anonse jodi mèkredi 1ye mas la yon lis peyi pou moun pa vwayaje. Ladan yo Ayiti nan tèt lis la, pami peyi sa a yo nou te ka remake ;

- Advertisement -
Ad imageAd image

° Afghanistan

° Belarus,

° Burkina Faso,

° Burma,

° CAR,

° Haiti,

° Iran

- Advertisement -
Ad imageAd image

° Iraq

° Libya

° Mali

- Advertisement -
Ad imageAd image

° N. Korea

° Russia

° Somalia

° S. Sudan

° Sudan

° Syria

° Ukraine

° Venezuela

° Yemen

Elatriye…

Kisa « Level 4-Do Not Travel » la vle di ?

Nan lang kreyòl nou an li tradwi « Nivo 4 « , li kòmanse nan tarif 1 pou rive a 4. Lè li nan tarif 1 an, sa vle di ou kapab vwayaje men, avèk anpil prekosyon. Alòske, lè l franchi nivo 4 la, ou pa dwe vwayaje nan peyi sa a ditou. Se nan estad sa a lis peyi Depatman Deta Ameriken yo twouve yo.

Se pa premye fwa Ayiti sèvi kòm menas pou moun pa vizite l, depi dènye enstabilite yo, anpil gouvènman etranje entèdi pou sitwayen yo pa vwayaje Ayiti paske ensekirite a k ap dechennen nan peyi a lakòz gwo enkyetid lakay prèske tout mond lan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.