Asalòs malad anpil, li bezwen èd pou l pa mouri

Jim Larose
ParJim Larose- Rédacteur
asalòs malad anpil, li bezwen èd pou l pa mouri

Souffrant Clervius, yon jèn militan politik ki sòti Okap moun plis konnen sou non Asalòs, pa pòte l byen ditou. Li bezwen èd pou l ka swiv doktè.

Daprè sa jounalis Blaise Robelto Flanky rapòte, Asalòs nan gwo difikilte. Misye malad grav. Li bezwen sipò ekonomik kèk bon samariten pou li ka sove lavi l.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jounalis la pibliye sou paj Facebook li jodi 18 septanm lan : « Soufrant Clervius alias Asalòs. Pa gade sa li te di ou fè pou nou pa ede l. Si li te jwenn sipò zanmi li yo; li pa t ap pataje pwoblèm li sou rezo sosyal yo ».

San l pa presize ki maladi jenonm lan soufri, jounalis la kontinye nan piblikasyon lan pou l di nenpòt bon pwochen ki ta renmen ede militan politik la ka antre an kontak ak li sou nimewo sa : +509 37 98 2678.

N ap raple, Souffrant Clervius te fè premye gwo aparisyon piblik li nan fineray ansyen Prezidan Jovenel Moïse la ki t ap chante Okap nan dat ki te 23 jiyè 2021. Li te vin selèb aprè l te gade kèk blan je vèt ki te nan evènman an, epi li di yo « Se nou ki touye Prezidan an… Asalòs ! »

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jim Larose
Par Jim Larose Rédacteur
Follow:
Journaliste-Rédacteur • Écrivain • Juriste • Ami de la lecture • Passionné des métiers de la plume.