Asasina Jovenel Moïse: Laurent Lamothe reyaji apre nouvo Prezidan Kolonbyen a te prezante eskiz li bay Ayisyen

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
Crédit Photo : Model FM

Ansyen Prenye minis lan, Laurent Lamothe, pa kite vennkat èdtan pase pou te reyaji, aprè tweet Prezidan Kolonbyen an Gustavo Petro pou mande pèp ayisyen an eskiz pou patisipasyon mèsenè Kolonbyen yo nan asasina Prezidan Jovenel Moïse.

Nan yon mesaj ansyen Premye minis lan te pibliye sou kont Twitter li on ti tan apre tweet Prezidan Gustavo Petro, li te remèsye nouvo Prezidan kolonbyen an pou jès li fè a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Mèsi Mesye Prezidan Gustavo Petro pou mesaj sa a ki plen respè pou Ayiti ak pèp li a, » se pawòl ansyen chèf gouvènman an anvan li kontinye pou li di batay pou jwenn jistis pou ansyen Prezidan Moïse ap kontinye.

« Wout la te difisil men batay pou JISTIS pou Jovenel Moïse kontinye e ap kontinye ak sipò w », te ekri ansyen lokatè Primati a.

Nap raple, ansyen Premye minis Laurent Lamothe, menm jan ak anpil nan ansyen kolaboratè Prezidan Jovenel Moïse, tankou Claude Joseph kontinye ap mande pou tabli yon tribinal entènasyonal pou mennen ankèt sou asasina  ansyen Prezidan Jovenel Moïse la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.