« Moun ki gen zam pran pouvwa, yo pa manifeste », deklare Nenel Cassy

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
Crédit Photo : Gazette Haiti

Ansyen senatè Nenel Cassy sòti nan silans li suit ak divès deklarasyon plizyè pèsonalite politik nan peyi d’Ayiti kou aletranje fè sou sitiyasyon sosyo politik ak sekiritè aktyèl la pa bò isit, kote yo fè konnen moun ki pran lari yo se gang yo ye.

Sou kont twitè li, li deklare « pa okipe pèsòn kap di batay pèp la gen zam, se mannèv kolon yo : moun ki gen zam pran pouvwa, yo pa manifeste ».

Ansyen eli depatman Nip lan avanse « pèp san zam manifeste pou fè tande vwa l e ou dwe asepte kite lè l di li pa vle w ankò », pou te adrese l ak pouvwa anplas la ki gen nan tèt li Premye minis Ariel Henry. 

Aktyèl gouvènman Tèt Kale a gen yon pati nan opozisyon an k ap sipòte, pami yo André Michel, Marjorie Michel, ki vin divòse ak Nenel Cassy pou zafè pouvwa ak privilèj. Sektè demokratik ak Popilè kite bato a nan dènye lè, depi lè sa tout antant ak pwojè politik fè 2 bò, se denonsyasyon k ap fèt. 

N ap raple, aprè divès jounen mobilizasyon ki te kòmanse 12 septanm pase a nan lari Pòtoprens ak nan vil pwovens yo pou te reklame demisyon Ariel Henry sou pouvwa akòz movèz jesyon l fè nan administrasyon piblik, sitou aprè l te deside Leta pap ka sibvansyone gaz la ankò epi monte pri yo, pèp la te bloke lari a ak fè anpil dega.

Nan Pòtoprens te gen yon mouvman gason pa kanpe nan plizyè komin kont lokatè Primati a ak akolit li yo, malerezman bandi G-9 ki te akonpaye pèp Site Solèy t ap pral rantre nan lit la. Depi lè sa Ariel Henry te tou pwofite pran lapawòl pou di se zafè gang k ap regle pèp la pap manifeste pou gaz vre. Plizyè peyi te pwononse yo sou sitiyasyon an, pami yo Lèzetazini, yo kenbe menm diskou a jiskaprezan.

Yon pakèt defisi fèt pandan manifestasyon dènye jou yo, anpil biznis ak machin kraze anba kout wòch manifestan, san konte sa yo dechèpiye ak boule. Malgre tout sa yo Ariel Henry pa fè wonn pòt.

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.