ORDEDH kondane swivi ki pa fèt nan dosye masak Ravin pentad la 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
ORDEDH resanse 18 moun ki tonbe anba bal Lapolis e mande respè ak libète piblik yo 

Yon lane aprè masak Ravin pentad la nan lannwit 21 pou rive 22 septanm 2021 kote Lapolis te ouvri kout bal sou yon gwoup moun pandan tounaj videyo yon mizik yon gwoup jèn ki rele NEW WAVE t ap anrejistre, òganizasyon k ap defann dwa moun ORDEDH kritike konpòtman otorite yo ki pa fè swivi ak dosye sa. 

Nan yon kominike ki sòti jounen mekrèdi 21 septanm 2022 an, ORDEDH kondane fason otorite jidisyè yo pa pran lavi siwtayen òdinè yo oserye. Alòske yo te anonse gen ankèt ki ta pral mennen pou rann piblik sak te pase a, 12 mwa aprè, fanmi, zanmi ak viktim yo toujou ap chache jistis. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Òganizasyon dwa moun site kòm egzanp, manman youn nan viktim yo, Loubens Louiceus, ki toujou pa konn ki sen pou l rele. Menmjan pou Jacob Jean, yon jèn gason, ki ak yon bal nan janm li jiskaprezan akoz doktè di l yo pa p ka opere l, li riske pèdi janm lan si operasyon an fèt Ayiti. 

ORDEDH mande ak enspeksyon jeneral polis la ak direktè jeneral la Frantz Elbé, pou fè tout sa yo kapab pou idantifye polisye yo ki te enplike nan masak sa, chache yo, arete yo epi remèt yo bay lajistis. 

Nan lannwit 21 pou rantre 22 septanm 2022, nan yon entèvansyon Lapolis nan zòn Ravin pentad pandan tounaj videyo yon mizik ki gen pou tit: “Sa Lapolis di se pa sa Bondye di”, 13 moun ta pral pèdi lavi yo ak 29 lòt ta pral sòti blese. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.