ASPAEDH mande pou aktè yo pran konsyans pou aktivite lekòl yo rekòmanse 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
aspaedh mande pou aktè yo pran konsyans pou aktivite lekòl yo rekòmanse 

Asosyasyon paran elèv ann Ayiti fè konnen otorite ki an plas yo poko rive fikse dat pou kòmanse ane akademik 2022-2023 a. Se sak fè yo mande aktè yo pou yo pran konsyans pou aktivite lekòl yo rekomanse nan peyi a. 

ASPAEDH, ki di li konsène, espere yon efò nan men aktè yo pou fasilite relouvèti klas yo. Tout pandan yo fè konnen menm nan peyi  ki gen lagè, lekòl yo louvri pòt yo. Nan sans sa a, Asosyasyon paran elèv ann Ayiti mande otorite konsène yo pou yo swiv tras zansèt yo ki make istwa nou an kòm premye repiblik nwa endepandan nan monn nan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aktyèlman kat milyon timoun paka al lekòl, dapre Minis Afè Etranjè Jean Victor Généus ki te pale lendi ki sot pase a nan reyinyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an.  Li blame vyolans gang. 

Nan nòt sa ki gen siyati Jean Larisse, Napoléon Ninger ak Fedener Confident , yo menm ki se kowòdonatè, trezorye ak pòtpawòl asosyasyon an, fè konnen ASPEDH vle aktè yo pran konsyans de gravite sitiyasyon an nan peyi. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.