CARICOM mande pou gen yon solisyon rapid vit ki jwenn ak sitiyasyon ki gen an Ayiti an 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
caricom mande pou gen yon solisyon rapid vit ki jwenn ak sitiyasyon ki gen an ayiti an 

Fas ak degradasyon sitiyasyon sosyopolitik nan peyi a dènye jou sa yo, CARICOM eksprime preokipasyon l sou sitiyasyon sa e mande pou gen solisyon rapid vit ki jwenn, nan yon deklarasyon sou devlopman an Ayiti yo jounen lendi 19 septanm 2022 an. 

Nan yon kominike ki pibliye ayè lendi a, kominote karayib yo di li enkyè anpil sou sa k ap pase nan peyi a dènye jou sa yo kote Ayiti ap fonse dwat sou wout kawo, ak fòs sekirite yo ki nan enkapasite pou fè fas ak vyolans k ap fèt yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon sitiyasyon ki gen yon enpak negatif sou ekonomi peyi an ki deja fèb, ki vin antrene plis mouvman popilè atravè. Fas ak reyalite sa kote kondisyon sosyal ak lamanjay yo ap degrade, CARICOM kwè fòk kominote entènasyonal la voye je rapid vid sou sitiyasyon sa k ap devlope andedan peyi an. 

Òganizasyon CARICOM mande tout pati konsène yo pou angaje yo nan lide pou chache yon mwayen pou sòti peyi a nan moman difisil sa e mete enterè Ayiti avan, yon fason pou kapab rezoud sitiyasyon sa byen vit. 

Komite karayib yo (Caricom) fè konnen, aprè dènye diskisyon yo fè semèn pase yo nan nivo òganizasyon an, yo rete disponib pou ede epi travay ak patnè nan kominote entènasyonal la pou jwenn mwayen finansye ak teknik k ap ka fasilite pwosesis k ap mennen nan òganizasyon eleksyon jeneral nan peyi an. 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.