Depi kèk tan Klass te anonse mizik sa ta pral parèt , « Lanmou n’ kidnape » se nouvo mizik Klass sòti lendi 10 avril 2023 a.
Nouvo mizik sa , Pipo chante a , rakonte istwa yon koup ki renmen youn lòt men ki pap viv nan menm peyi . Youn nan patnè yo rete an Ayiti, pandan lòt la ki ap viv nan peyi etranje paka antre Ayiti akoz ensekirite an . Depi 2 lane koup la paka wè youn lòt menm nan ka lanmò dapre sa nou konprann nan chante a.
Klass jwenn yon fason espesyal pou pale de ensekirite an Ayiti pandan yo ap diskite sou relasyon a distans nan sèl grenn mizik sa . Se yon reyalite anpil moun ap fè fas kounye a nan peyi a, anpil koup toujou renmen malgre ensekirite an vinn konplike pi plis toujou relasyon a distans yo ki te deja difisil.
Kòm souvan, Klass ofri piblik la yon konsèp ki trè enteresan. Gwoup la reyisi fè pase plizyè mesaj nan sèl mizik »Lanmou n’ kidnape » an. Klass pote yon ti lespwa bay moun ki ap viv sitiyasyon sa yo paske nan videyo a, koup la finalman rankontre. Yon lòt kote li tou mande gwoup ame yo pou depoze zam yo.
Yon mizik ki san dout pap pran anpil tan pou touche piblik la.
Facebook Comments