Yon ansyen jwè Bayern takle Jude Bellingham

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
yon ansyen jwè bayern takle jude bellingham

Anpil klèb vle rache jèn jwè anglè 19 lane a nan ekip Borussia Dortmund nan. Men daprè sa Dietmar Hamann, ki se ansyen jwè ekip Bayern nan, ki te jwe final Mondyal 2002 a ak Almay fè konnen nan mikro « Sky Sport », Jude Bellingham se yon jwè ki pa gen disiplin. Real Madrid, PSG ak lòt klèb yo dwe fè anpil atansyon avan yo achte l.

Pandan Mondyal 2002 a, anpil je ta pral rive sou Jude Bellingham sou mayo Three Lions yo. Sa ki ta pral bay yon valè klèb an Ewop anvi ache l nan men klèb Almann, Borussia Dortmund, pou talan l ak jwè eksepsyonèl li ye a. Men pou ansyen vis chanpyon Mondyal 2002 a, Dietmar Hamann, Real Madrid, Manchester City, Liverpool, PSG dwe fè anpil atansyon paske jwè a manke disiplim sou teren.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« M pa fin kwè nan Belligham nan, se yon jwè eksepsyonèl, ki gen anpil talan ak kapasite ki ekstraòdinè. Men yon bagay enpòtan li pa gen disiplin. Si n ap gade anpil gòl Dortmund pran dènyè tan sa yo, se li ki lakoz » se sa ansyen jwè Bayern nan fè konnen.

Vis-chanpyon Mondyal 2002 à te kontinye pou l di :  » si l vle al jwe nan yon gran klèb tankou Real Madrid, Liverpool, li dwe jwe yon lòt jan. Nan ekip Dortmund nan li fè sa l vle. Pèson paka di l anyen paske yo pè pou l pa kite klèb la. Si m te Real Madrid, Liverpool, Manchester City m t ap fè anpil pridans avan achte l. »

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive