Ayisyen ki Tiki yo kontinye mande gouvènman ayisyen an pote yo sekou 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
lincoln bien aimé, un policier tué le jour de son anniversaire (1)

Plizyè resòtisan ayisyen ki ap viv nan peyi Tiki òganize ayè madi 06 desanm 2022 a yon mouvman pou mande gouvènman ayisyen an fè yon koudèy sou sitiyasyon yo kontinye ap konfwonte. 

Atravè mouvman sila, Ayisyen sila yo ki te sove kite peyi a akòz move kondisyon vi, mande otorite konsène yo pou ede yo rantre lakay yo an Ayiti prese prese. Yo denonse silans Leta ayisyen ki pa janm leve yon ti dwèt pou montre yo tande divès revandikasyon yo te deja fè oparavan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan kad mouvman an, resòtisan kreyòl sila yo te tou pwofite mete sou tab la plizyè konplent tankou move tretman y ap resevwa an Tiki, yon peyi yo te panse ki t ap ofri yo yon avni miyò pase an Ayiti. Yo pran desepsyon. 

Revandikatè sila yo rapòte y ap mal viv, pa gen kote pou yo rete, pa gen travay, pa gen manje, grangou ap touye yo, elatriye. Ayisyen sila yo mande prese prese pou gouvènman an deklanche yon pwosesis rapatriman k ap pèmèt yo rantre lakay an Ayiti san pran tan. 

Si Ayisyen sila yo vle tounen pa bò isit an Ayiti sa pa vle di tout fwa kondisyon vi yo chanje pa bò isit: toujou gen ensekirite, grangou, chomaj ak lamizè. Men pito se lakay, yo fè konnen y a debwouye yo. 

N ap raple, Tiki, nan menm referans ak Chili oubyen Brezil, te youn nan kote plizyè milye Ayisyen te prefere ale pou sove kite peyi a akòz kondisyon vi yo ki pa abòdab. Pou kounya yo vle retounen lakay yo paske atant yo pa satisfè, yo gen anpil difikilte pou yo fonn yo nan sosyete tik la akòz sistèm peyi a pa menm ak Amerik la. 

Tiki se yon peyi ki jis nan Mwayen Oryan, ki etann li soti Ewop de Lès pou al bout Azi minè. Li te louvri pòt li pou pèmèt Ayisyen ki vle kite lakay yo te fè sa, yon vwayaj ki te koute prèske 3 mil dola meriken depandaman de preparasyon an. Jounen jodi a yo plizyè milye ap mande tounen lakay yo an Ayiti. 

Dènyèman, jedi 28 jiyè 2022 a, aprè 13 èd tan vòl, 301 konpatriyòt ayisyen te finalman retounen an Ayiti aprè plizyè lane kochma. Se Òganizasyon entènasyonal migrasyon (OIM) ki te òganize vòl sila pou yo piske plizyè peyi tankou Lespay pa t vle Ayisyen yo fè tranzit lakay yo, pou yo pa t tou chwazi rete an Ewop.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.