Chofè moto yo sèvi ak tinè nan plas gazolin pou yo ka travay 

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
chofè moto yo sèvi ak tinè nan plas gazolin pou yo ka travay 

Pa gen gaz sou teritwa depi plizyè mwa deja alòske pi fò aktivite yo paralize nan Pòtoprens kou nan plizyè vil pwovens. Chofè moto yo kontinye ap bay popilasyon an sèvis piti piti. Pandan gen sa ki reziye yo achte galon gaz la byen chè atè pou met nan moto yo pou fè kous, gen lòt ki itilize lòt metòd tankou vide tinè nan tank yo nan plas gazolin. 

Wi, vide tinè nan rezèvwa moto yo pou fonksyone se youn nan dènye rekou kèk chofè genyen pou fè degouden, apa sa se reziye yo achte galon gaz la atè pou pi piti 3 000 goud. Nan yon videyo k ap fè laviwonn rezo sosyal yo, nou te ka wè plizyè chofè ki t ap fè yon demonstrasyon sou kijan tinè a fè moto yo mache menm jan ak gazolin nan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pratikan yo, pandan yo t ap vide yon galon tinè nan rezèvwa youn nan moto yo, te tou pwofite adrese divès pawòl piman bouk ak Ariel Henry. Yo di Premye minis lan li mèt kenbe gazolin nan, yo gen tinè pou yo sèvi. 

Ki konsekans tinè a gen sou moto 

Suit ak piblikasyon videyo sila, nou te deside poze yon enjenyè elektwomekanik, nou chwazi rele Matthieu, kesyon sou pratik sila ak ki konsekans li kapab genyen sou yon veyikil tankou moto. 

Espesyalis lan fè konnen si yo itilize tinè a, ki se yon sibstans yo sèvi pou dilye penti, mastik, elatriye, a lon tèm l ap kraze motè a paske yo pat fabrike tip veyikil sila yo pou sèvi ak tinè oubyen lòt fòm sibstans ki pa fèt pou sa. 

« Anplis gen anpil danje nan pratik sila paske tinè a menm jan ak gazolin nan se yon pwodwi ki pran dife fasil, pou m pa di li pi danjere menm pase gasolin nan. Epi tou itilizasyon tinè a ap kwit tib kawoutchou ki relye rezèvwa moto a ak motè a. » 

Matthieu kontinye pou di : « Nenpòt ti dife ka lakòz gwo dega nan moto k ap sèvi ak tinè a, pa mande Bondye mal se yon moto ki gen ti fil koupe ki pyese ».  

Enjenyè elektwomekanik la mande chofè yo sispann pratik sila ki prezante yon gwo danje ni pou yo, ni pou pasaje yo. Toutfwa l rekonèt se akòz jan sitiyasyon an ye aktyèlman nan lari a, kote pa gen gaz nan ponp yo, ki fè chofè yo ka chwazi metòd sila pou yo ka travay. Li di yo fè pridans.  

N ap raple, zafè mete tinè nan moto a se pa yon bagay ki ap fè koulye a, depi rate gaz ki te gen nan lane 2021 an, plizyè chofè te gentan ap eksperimante metòd sila, pami kèk lòt tankou enstale bonbòn gaz sou moto pou fè yo mache. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.