Ayisyen yo montre yo vle kite peyi a a nenpòt ki pri 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
ayisyen yo montre yo vle kite peyi a a nenpòt ki pri 

Akote vwayaj ilegal sou lanmè ki pa sispann òganize nan divès kwen nan peyi a, dènye desizyon administrasyon Biden lan adopte sou kesyon migrasyon nan rejyon an montre a ki pwen Ayisyen pa vle rete viv ankò nan peyi an ki depi plizyè ane nan gwo kriz. 

Nouvo pwogram sa administrasyon amerikèn lan mete sou pye an anonse 30,000 pèmi imanitè chak mwa pou migran ayisyen, venezelyen, kiben ak nikaragweyen, kote migran sa yo pral kapab gen yon estati legal pou rantre Etazini pandan yon peryòd ki ale jiska 2 zan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon anons ki rive nan mitan popilasyon ayisyèn lan kòm yon van delivrans, yon lamàn, oubyen yon opòtinite ki pa prezantate chak jou. Akote mobilizasyon k ap fèt sou rezo sosyal yo, devan biwo imigrasyon ak DGI yo depi semèn pase se gwo foul moun  ki vin fè demann dokiman nesesè yo. 

Yon sitiyasyon ki sanble ak moman ratman gaz dènye ane sa yo kote anba ponp se konn gwo foul ki vin pran sèvis. Depi anviwon yon semèn, biwo Direksyon jeneral enpo (DGI) ak sèvis imigrasyon yo se prensipal espas ki atire foul yo avèk sila yo ki vin peye tenm ak lòt ki vin fè demann paspò. 

Ayisyen sa yo k ap viv nan peyi an ki depi kèk tan ap fè fas ak yon lamizè san parèy, akote enstabilite politik epi ensekirite an k ap layite kò l sou tout teritwa nasyonal la, vle kite Ayiti a nenpòt ki pri, menmsi se ta pou pase tout yon jounen nan yon flanm solèy devan biwo imigrasyon ak DGI. 

 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.