Ayiti : nouvo ka kidnaping sou lanmè, yon moun mouri 

Witson Beaujour
Par
Witson Beaujour
Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.
- Rédacteur
ayiti nouvo ka kidnaping sou lanmè, yon moun mouri 

Pou yon dezyèm fwa, bandi ak gwo zam fann fwa nan men yo, ki te abò yon kannòt kidnape jou ki te jedi 22 septanm lan, yon sitwayen ki te sou pò Lafito a, nan nò vil Pòtoprens. 

Nouvo estrateji sa a bandi yo itilize pou  kidnape moun an Ayiti, vin enkontwolab pou polis gad kot yo. Yon lòt ka anlèvman rive pran direksyon lanmè jedi 22 septanm sa a. Plizyè sous lokal konfime ak redaksyon NetAlKole Media, gen yon lòt moun ki t ap eseye reziste pandan dram nan ki pèdi lavi l anba bal malfwa san ginè yo. Alòske, sous sa yo te evite revele idantite viktim yo. 

Selon sous yo, se ta manm gwoup gang  » Vilaj de dye » yo ki dèyè zak sa a, yon gwoup bandi nan Pòtoprens, zòn Bisantnè. Yon sèn anlèvman ki sanble tèt pou pye ak kidnapin  pwopriyetè « Paryaj pam » nan, 15 septanm pase a andedan lakay li ki sitiye sou Kot Akaden an nan vil Akayè. 

Dènye a, ki se yon antreprenè epi sitwayen peyi Larisi, ta pral jwenn liberasyon l kont ranson nan dat 17 septanm 2022 a, anviwon 48 èdtan nan men ravisè l yo. 

- Advertisement -
Ad image

Ak repetisyon ka kidnapin nan sou lanmè a, bandi yo pwouve tout bon yo achte peyi a ak lajan kontan. Si lapolis la pa kreye mwayen pou kontwole lanmè a kòmsadwa, epi kontinye mete patwouy polis yo nan tout rakwen peyi a, zak kidnapin yo ap retounen pou pi rèd. 

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.