Dèlma : sasinay 3 travayè sèks, OPC egzije yon ankèt prese prese 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
dèlma asasina 3 travayè sèks opc egzije yon ankèt prese prese 

Kèk ajan UDMO te enplike nan asasina 3  travayè sèks (Bouzen), Jou ki te 17 septanm pase a nan zòn Dèlma 45, Responsab pwoteksyon sitwayen an, Mèt Renan Hédouville, denonse ak tout fòs li zak sasinay sa a, epi li mande pou Enspeksyon Jeneral Polis Nasyonal Ayiti a louvri yon ankèt prese prese. 

Pwotektè sitwayen an, Mèt Renan Hédouville, souliye se gwoup minorite yo ki toujou plis ekspoze anba entolerans, sitou nan moman kriz la. Pami gwoup sa yo, OPC site travayè sèks yo, manm kominote LGBTI yo ak moun ki andikape yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan yon nòt li pibliye ayè vandredi 23 septanm lan, Biwo Pwoteksyon Sitwayen an (OPC) ekri, Asasina ki fèt Dèlma 45 lan sou 3 travayè sèks yo 17 septanm pase a, se yon egzanp. 

Ajan yo ki fè pati Inite Depatmantal pou Antretyen Lòd la (UDMO / Lwès), ta gen dwèt yo tranpe byen long nan dram sila a, daprè responsab yo nan OPC a. 

Pi lwen, enstitisyon nasyonal ak endepandan dwa moun nan, mande pou yon ankèt louvri prese prese nan Enspeksyon Jeneral Polis Nasyonal Dayiti a (IGPNH). Nan sousi pou fanmi medam sa yo jwenn jistis jan lalwa peyi a mande sa. 

Nan nòt sa a, OPC denonse tou gwoup moun ki te mal mennen  anba chaplèt 2 manm kominote masi madi a, 27 me pase a nan zòn Tomasen.  

Pandan atak sa a, moun yo te pwofite piye kay 2 medam sa yo ki tap viv nan kay ansanm, yo te menm fè yo manas lanmò, OPC kontinye, denonse PNH la paske selon sa yo ekri, medam yo te rele pou pote yo sekou, yo te refize ba yo pwoteksyon. 

Sa yo se evènman malere ak regrè, ki konstitye vyolasyon dwa moun yo nan manm gwoup minorite yo, souliye OPC. 

Pwotektè sitwayen an, Mèt Renan Hédouville raple Leta gen responsablite pou garanti gwoup minorite yo jwisans epi egzèse dwa yo kòmsadwa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.