Premye Minis Ariel Henry fè konnen nan dat ki te vandredi 6 janvye 2023 a, nan jou kap vini yo peyi a pral kòmanse resevwa sipò finansye nan men Fon Monetè Entènasyonal (FMI) pou reponn ak ijans alimantè nan peyi a.
“Nan jou k ap vini yo nou ta sipoze kòmanse resevwa yon soutyen finansye nan kad yon pwogram yo rele “Food Shock Window”, te ekri lokatè Primati a nan yon mesaj li te pibliye sou sou rezo sosyal Twitter, tout pandan Chèf gouvènman Ayisyen an fè konnen api sa a se pou ede peyi ki pi afèkte pa konsekans konfli Larisi ak Ikrèn lan.
[2/2]#Ayiti se youn nan premye peyi ki pra l benefisye pwogram sa a pou pèmèt nou mete sou pye yon seri aksyon protèksyon sosyal.
— Dr Ariel Henry (@DrArielHenry) January 6, 2023
Jan chèf Egzekitif la rapòte sa a, Ayiti se youn nan premye peyi ki benefisye pwogram sila ki rele Food Shock Window e li pral pèmèt li aplike “yon seri aksyon pwoteksyon sosyal”, te detaye Doktè Ariel Henry nan yon seri mesaj atravè Twitter.
N ap raple pwogram Fon Monetè Entènasyonal la bay sipò finansye pou yon peryòd yon lane pou peyi sa yo ki ap viv anba yon ijans alimantè akòz yon ogmantasyon nan bòdwo enpòte manje yo oswa yon kriz nan ekspòtasyon sereyal yo, yon sitiyasyon ki agrave nan dènye ane sa yo akòz gè Larisi ak Ikrèn nan.