MENFP kontinye ak distribisyon liv lekòl inik la

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
menfp kontinye ak distribisyon liv lekòl inik la

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl nan yon kominike li pibliye ayè vandredi 6 janvye 2023 a fè konnne distribisyon liv lekòl inik la ap kontinye nan plizyè depatman tankou Sidès, Grandans elatriye. 

« Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl kontinye rapouswiv operasyon distribisyon liv eskolè inik. Grandans,  Sidés ak rejyon Palm resevwa jounen jodi a plizyè bwat liv inik », te ekri ministè a nan yon nòt. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), distribisyon sa a fèt gras ak sipò patnè MENFP yo, ministè a fè konnen tou dapatman ki poko benefisye  de liv lekòl inik la ap  jwenn li byento. 

« Ansanm ansanm ak apwi plizyè patnè n ap vanse pou nou kouvri tout zòn nan 10 depatman yo », te konkli Ministè a nan nòt li a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.