Nouvo antrenè seleksyon nasyonal la, Gabriel Calderon Pellegrino, mete deyò jodi jedi 25 me a yon prelis 35 jwè kote ladan l sila yo ki pral gen pou defann koulè Ble e wouj la nan pwochen Gold Cup la ap sòti.
Sou rezo sosyal yo, Federasyon ayisyèn foutbòl la (FHF) rann piblik yon prelis ki gen ladan l jwè nouvo antrenè seleksyon an, Gabriel Calderon Pelligrino, fè konfyans pou kapab al defann koulè Grenadye yo nan Gold Cup la k ap rive nan yon mwa ankò.
Yon prelis 35 jwè ki ladan l prèske tout jwè kad yo anndan seleksyon an, mele ak gwoup jèn ki fenk ap fè zam yo nan ekip nasyonal la, san konte plizyè nouvo (5) ki vin ranfòse efektif seleksyon nasyonal la.
San sipriz, Pellegrino rele 4 gadyen nan prelis sa ki deja pote koulè seleksyon an. Kapitèn ekip la Johny Placide, Josué Duverger, Alexandre Pierre ak Garissone Innocent ki apèn ap fè zam yo nan ekip nasyonal la, se yo ki okipe pòs gadyen nan prelis sa.
Nan prelis sa ki sou paj FHF la sou rezo sosyal yo, antrenè Pelligrino konvoke 7 jwè pou fòme mitan tèren an avèk prensipalman retou Steven Saba ak ansyen kapitèn Cavaly a, Bicou Bissainthe, k ap jwe pou kounya nan Hai Phong.
N ap note egalman prezans ti frè Frantzdy Pierrot a, Frantz Pierrot, atakan Nashville SC a, Fabrice Picault, san konte atakan Real Santa Cruz la nan peyi Bolivi, Jayro Hestfano Jean, ki resevwa premye konvokasyon yo nan ekip nasyonal la. Genyen egalman Donald Guerrier ki te anonse pandan jounen an Gold Cup la se ap dènye konpetisyon l avèk Grenadye yo ki egalman nan prelis sa.
Daprè Federasyon an, gwoup sa ta dwe vin pi kout apati 2 jen k ap vini la kote Pelligrino ta dwe mete l a 26 avan lis final 23 a ki ta sipoze pibliye kèk jou avan premye match seleksyon an kont Kata ki pwograme pou 25 jen.
Facebook Comments