Manchester United pran biyè l pou pwochen Lig dè Chanpyon an

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
manchester united pran biyè l pou pwochen lig dè chanpyon an

Nan yon batay sere ak Newcastle, Manchester United rive pran 3èm plas la aprè viktwa li (4-1) sou ekip Chelsea a. Blues yo ki kontinye ap koule, rete nan mitan tanblo a. Ak viktwa sa, Manchester United kalifye san l pa tann dènye jounen an pou l ranpli objektif li ki se te kalifye pou koup gwo zòrèy la. Teknisyen olandè a, Ten Hag, pral eseye defye Manchester City nan final FA Cup la 3 jen k ap vini la.

Ak 6 pwen sou Liverpool, Manchester City ap jwe Lig dè Chanpyon sezon k ap vini, poutan, ekip Jürgen Klopp la ap oblije al jwe Lig Europa. Jodi jedi a, Manchester United korije Chelsea (4-1) nan Old Trafford la, nan kad yon match an reta pou 32èm jounen Premier League la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Gras ak Casemiro nan sizyèm minit, Anthony Martial (45’+5), Bruno Fernandes nan 73èm minit sou penal epi Marcus Rashford (78’), Manchester United kraze Blues yo malgre João Felix ki te sove lonè Blues yo nan 89èm minit.

Avan rankont sa, teknisyen Manchester United La, Ten Hag, te voye yon mesaj bay dirijan klèb la pou l di yo fòk yo depanse lajan yo byen sou mache transfè pou ete a nan jwè k ap itil yo. Eske se yon mesaj pou koze Neymar yo anonse ki kapab vin nan klèb la?

Reds Devils yo kapab fini sezon an ak plis kè kontan si yo rive genyen Manchester City nan final FA Cup la 3 jen k ap vini la. Se pral dèbi vil Manchester a. Yon match ki pwomèt anpil.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive