Ayiti : yon koup di mond nan black out 

Gabriel Emmanuel
Par
Gabriel Emmanuel
Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive
- Rédacteur
ayiti yon koup di mond nan black out 

Foutbòl, yon pasyon ki fè plas li nan kè majorite Ayisyen. Soti 22 novanm pou rive 18 desanm k ap vini la, se pral yon mwa emosyon ak pi gwo konpetisyon nan jwèt sa a. Kesyon anpil Ayisyen ap poze : Kote yo pral jwenn kouran pou yo gade mondyal la ? 

22e edisyon Koup di Mond lan ap fèt nan peyi « Qatar » ki se yon peyi ki fè cho anpil. Se rezon sa ki pouse FIFA  òganize l an ivè. Sa ki fè lè match yo p ap favorab pou tizè foutbòl nan peyi Dayiti.  

Depi kèk lane, koze pa gen kouran se tèt chaje, san bliye divès kriz imanitè k ap brase bil popilasyon an. Yon leta absan, neglijan, restavèk pa ta ka ofri pèp la posiblite pou l divèti l. Olye sa, se bal, kidnaping ak vyolans sou tout fòm k ap teworize popilasyon an. 

Men sa pa anpeche yon minorite jwenn mwayen pou l itilize  enèji solèy ak jeneratris (a ki gaz?),  malgre materyèl yo tèt nèg. Ki tray malerèz k ap viv nan katye popilè yo, zòn kote tout dwa moun sa yo ap trenen nan labou a?  

- Advertisement -
Ad image

27 jou avan koup di mond lan, gen kèk moun k ap tann entèvansyon militè pou yo rale yon souf, yon lòt kote, gen moun ki pou rezistans lan kenbe, pou ayisyen mete lòd nan dezòd yo.  

Yon lwazi, yon pasyon, yon moman pou lajwa, k ap pèmèt peyi a bliye kèk bagay. Enkyetid yo anpil, men pa gen okenn garanti ap pral gen posibilite pou ayisyen viv eveneman mondyal sa a.  

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive