Rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini te vote vandredi 21 Oktòb 2022 a kontinye ap pwovoke reyaksyon, fwa sa a se Inyon Ewopeyèn ki reyaji.
Inyon Ewopeyèn nan yon nòt li pibliye di li bat bravo pou sanksyon Konsèy sekirite Nasyonzini an pran kont gang yo ann Ayiti nan dat ki te 21 Oktòb 2022 a. Nan nòt sa li tou pwofite mande aktè politik yo pou yo negosye yon fason pou sòti peyi a nan kriz sa li ye a.
Inyon Ewopeyèn di li bat bravo pou rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an adopte sou Ayiti a, kote yo prevwa anpil sanksyon kont lidè gang nan peyi a ak tout moun oubyen aktè politik ki ap finanse gang sa yo nan peyi a.
Yon lòt bò, li mande aktè politik yo pou yo « angaje yon fason konstriktif nan negosyasyon pou rezoud kriz politik aktyèl la ak konsekans ensekirite a nan peyi a melanje ak kriz imanitè a.
Facebook Comments