Sitiyasyon peyi d Ayiti ap konfwonte depi kèk tan bay anpil enkyetid nan mond lan, patikilyèman pa bò kote peyi zanmi l yo ki nan Amerik la. Si genyen anpil mezantant jiskaprezan sou entèvansyon yon fòs militè etranjè sou sòl la akòz sa ka rann kriz la vin pi grav, Baamas pa bò kote pa li di l pare pou l voye plizyè twoup oubyen polisye nan peyi a.
“Si Caricom deside voye plizyè twoup, Caricom ap detèmine san okenn dout jan twoup sa yo ap konpoze, epi li posib pou Baamas ladan l”, se deklarasyon minis baameyen Sekirite nasyonal la, Wayne Munroe.
Responsab la ki t ap reponn kesyon jounalis te ajoute : “Si detèminasyon an se sa a, fòs defans Baamas dispoze yo, y ap kapab deplwaye yo an Ayiti.”
Li presize yon entèvansyon konsa ap nan enterè Baamas piske Fòs defans Baamas yo deja ap fè yon travay konsiderab nan rejyon an avèk patwouy y ap fè sou lanmè a pou ede migran ayisyen yo.
N ap raple Sekretè jeneral Nasyonzini an Antonio Guterres, te sijere pou yo voye yon “fòs aksyon rapid” nan peyi a, men l pa t detèmine nan ki peyi twoup sila yo t ap sòti.
Lèzetazini te prezante, nan tèt kole ak Meksik, yon pwopozisyon nan Konsèy sekirite Nasyonzini an lendi pase, pou te voye yon fòs nan peyi d Ayiti, ki t ap sou direksyon yon nasyon patnè, san l pa t idantifye ki peyi, men Lachin ak Larisi te kanpe an kwa pou sa pa fèt pou kriz la pa pi grav. San konte pou yo, « gouvènman Ariel Henry an pa lejitim sou pouvwa epi li paka jere kriz aktyèl la ».
Facebook Comments