Baky lanse pwòp estidyo anrejistreman l “286 Studio”, nan peyi Etazini

Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste
ParSoph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste- Rédacteur
baky lanse pwòp estidyo anrejistreman l “286 studio”, nan peyi etazini

Rapè ayisyen an, Baky, apre nesans pitit fi li, fèk franchi yon nouvo etap nan lavi li lè l rive lanse pwòp estidyo anrejistreman l ki rele “286 studio” nan West Palm, peyi Etazini .

Se nan dat 12 me a atis lan ak pwòch li yo pataje kèk foto ak videyo lokal nouvo estidyo a sou rezo sosyal yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan yon pòs vwa “dènye lèt” lan pataje yon ti tan avan piblikasyon foto yo, li te remèsye Bondye lè li deklare “Mèsi Bondye pou Benediksyon’w🙏🏽
Mèsi pou tout sa w pèmèt mwen akonpli nan Lavi m, e pou tout sa m ap kontinye akonpli…
Amen!”

Plizyè atis tankou Trouble Boy , Dj Touch te prezan nan inogirasyon estidyo sila a.

Anpil entènot te pwofite felisite jèn papa a pou nouvo pwojè sa li antame ki ta dwe pèmèt li ak kèk lòt talan kontinye pwodwi bon son pou fanatik yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média