Baky leve defi a ak youn nan konsè ki gen plis afliyans nan istwa Rap Kreyòl la nan peyi Ayiti  

Steven Aristil
ParSteven Aristil
Photo : Richard Pierrin

Li te anviwon 10 zè 30 nan aswè jou ki te vandredi 24 jen 2022 a lè piblik la te kòmanse pran liy pou antre nan konsè Baky Popilè nan otèl NH Haïti El Rancho, aprè anpil enkyetid moun yo te genyen lè lapli te kòmanse tonbe soti 6 zè pou rive blòk 9 vè di swa yo. 

Anpil moun te fè deplasman pou vinn sipòte rapè ki pran nesans nan vil okay la, aprè li te soti yon doub albòm : Rap Ap Rete Rap  jou ki te 7 Me a ak Chante Ap Rete Chante jou ki te  8 Me 2022 a. Nan yon kontèks kote ensekirite a ap vale tèren nan Peyi a, ki lakoz aktivite lannwit yo paralize, anpil moun pè soti, men BAKY rive leve defi a, kote plizyè santèn moun te reponn prezan nan premye konsè li ak doub albòm li a ki te fèt nan otèl El Rancho, malgre konjonkti a difisil. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Si nan nivo afliyans nou ka pale de yon reyisit total, men sa pat valab nan nivo lojistik ak sonorizasyon, Handzup group ki se konpayi Harry Luc ap dirije, te depase pa evènman an, sa kite bay gwo pwoblèm lojistik e malgre toto beats, youn nan pi gwo ak pi bon konpayi son ki gen nan peyi a te responsab pou bay son, sa pat anpeche te gen yon pwoblèm son ki t ap pèsiste pandan tout konsè a. 

An menm tan n ap atire atansyon tout lektè nou yo, nan pèfòmans atis yo, aprè D-Singer ak Tafa kite gen chans delivre yon pèfòmans solo, tout lòt atis ki te envite nan konsè a pat jwe pou kont yo, ni jwe mizik pa yo. Atis sila yo te akonpaye Baky nan mizik yo patisipe sou dènye pwojè ak li a. Pami yo nou kapab site, Kenny Haïti, Trouble Boy, Steve J.Bryan, Tafa, Medjy, ak Charlin Bato. K-Dilak te absan nan sware sila, kontrèman ak jan sa te anonse nan postè ofisyèl la. 

Nap souliye pou ou pwogram sa ta pral kòmanse nan 1 è nan maten, aprè anpil reta. Dj Hot Squad, Dj Nos ak Dj K9 te asire animasyon mizikal yo, avan animatè sware a Carel Pedre ta pral pran mikwo pou louvri pwogram nan, nan anviwon 1 è nan matin, pou D-Singer te kòmanse ak prestasyon yo avan Baky vinn anchene youn aprè lòt ak pèfòmans li yo. 

Aprè anviwon 2 zè ap kreye animasyon ak divès atis envite nan kad konsè sila, Carel Pedre ki t ap dirije konsè a te anonse Dj Tony Mix ki te gen pou l jwe nan dènye pati a.  

Malgre tout enpèfeksyon ki tache konsè sila a, BAKY leve yon defi kote li trennen yon foul moun dèyèl nan yon peyi kote lavi pa egziste lannwit, antouka ! Aprè sa Baky fè yèreswa a, li enpòtan pou n fè w konnen 286 nèg yo te miltipliye an plizyè santèn chinwa.  

Nan tout istwa Rap Kreyòl la tou nou ka konte sou dwèt konbyen konsè ki trennen tout moun sa yo dèyèl, nan lane 2008 Barikad Crew te reyisi mennen anpil moun nan Henfrasa pou konsè retou gwoup la aprè lanmò 5 manm yo K-Tafalk, Dad Dejavou, Ti Batè Ak Joey.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

LI ATIK SA YO TOU

1- Baky en concert à l’Hôtel El Rancho en images

2-Concert de Baky : échec total du groupe The Plug Network

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article