Corventina nomine yon lòt fwa pou pri Revelasyon D1 Arkema a

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
corventina nomine yon lòt fwa pou pri revelasyon d1 arkema a

Mitan tèren seleksyon ayisyèn lan, Melchie Daëlle Dumornay, nomine pou pri Revelasyon D1 Arkema a pou sezon 2022-2023 a bò kote atakan PSG an, Laurina Fazer, epi jwez FC Fleury a Airine Fontaine.

Sou rezo sosyal yo, komite òganizatè chanpyona fanm nan peyi Lafrans lan rann piblik jodi dimanch 7 me a non twa nomine pou pri Revelasyon sezon an nan D1 Arkema a avèk prezans Corventina yon lòt fwa ankò.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Grenadye 19 lane an ki pa sispann briye sou koulè Stade de Reims depi li ateri nan foutbòl fransè an, twouve li yon lòt fwa ankò pami nomine yo pou pri Revelasyon sezon an nan chanpyona fransè an.

Avèk 8 gòl epi 4 pas desizif, Melchie Daëlle Dumornay pati kòm gran favori pou ranpòte pri sa pou sezon 2022-2023 a aprè li te rate l ane ki sot pase a kote rekonpans sa te ale nan men Laurina Fazer.

Nan yon seremoni ki prevwa pou lendi 15 me k ap vini an, komite k ap òganize foutbòl fanm lan nan peyi Lafrans ap gen pou remèt yon latriye pri pou rekonpanse yon seri pèfòmans ki make sezon 2022-2023 a nan D1 Arkema a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.