Bal fen dane yo ap fè chimen yo malgre kontèks aktyèl la 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
bal fen dane yo ap fè chimen yo malgre kontèks aktyèl la 

Objektif prensipal nenpòt gwoup mizikal se ranpli odyans yo ak chante entèresan epi satisfè fanatik yo atravè divès aktivite yo, espesyalman nan fen ane a. Moun ki renmen mizik toujou fè plan ak sakrifis pou patisipe. Men anpil dout te anviwonnen aktivite bal fen dane yo akòz konjonkti aktyèl peyi Dayiti ap fè fas dènye tan sa yo. 

Malgre moman difisil popilasyon ayisyen an ap travèse, kèk gwoup mizikal montre aktivite yo pou selebrasyon fen dane sa a. Fanatik yo kolabore pou sipòte jazz yo. Sou rezo sosyal yo prèske tout gwoup popilè yo pataje afich yo pou dat 23 pou bout 31 desanm 2022 anvan menm selebrasyon endepandans lan. « Orchestre Septentrional », « Kreyol la » ak « Ambiance tèt dwat » pou n site sa yo sèlman, se gwoup yo chwazi pou klotire ane a san konte Disk Djokè yo ki souvan rele DJ ki, yo menm tou ap gen pou anbeli dènye jou yo ki rete pou kite ane 2022 sa a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pami afich yo ki deja reyalize epi k ap gen pou kontinye pandan fen ane a, nou ka site: 

1- Ambiance tèt dwat, nan Santa Maria, plas « caracole », 18 desanm 2022 

2- DJ Tony Mix ak alye li yo, ri 27 ak 29 boulva, Okap, 22 desanm 2022 

3- Septentrional nan Wanament, 24 desanm 2022 

4- Septentrional nan Gonayiv, Oberge Pont-Gaudin, 26 desanm 2022 

5- Septentrional nan Trou du Nord, 31 desanm 2022 

6- Kreyòl la, 23 desanm 2022 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Gen djaz ak atis tankou Baky, Charlin Bato, Fatima, Nu-Look, Enposib ak lòt ankò ki deja nan pwogramasyon entènasyonal yo men ki pa sanse fokis sou bal fen dane yo ki toujou òganize chak ane an Ayiti. Toutfwa gen afich ki poko soti, sa ki montre ak klè, vle pa vle, pèp la ap ka pran ti bal li, lit lit.  

Fòk nou di, popilasyon ayisyèn nan anba gwo difikilte depi plis pase 5 lane, lavi chè, ensekirite pou n site sa yo sèlman pa sispann bòykote malere ak malèrèz yo. Ekonomikman, pèp la dekapitalize, gang pasi pala, fenomèn kidnapin, vòl, elatriye, se yon gwo defi nan nivo sosyo-politik ak sekirite peyi a.  laperèz, estrès, se sa yo ki plis fè tit, mete sou depresyon san rete ki pa sispann blaze sèten pèsonalite. Se poutèt sa, patisipe nan aktivite sa yo sanble yon ti jan difisil, menm si fanatik yo satisfè ak pwogramasyon ki planifye pou bèl randevou sa yo, ki ta dwe yon moman pou rafrechi lespri, kò ak nanm nou ki pa sispann pran kou anba konjonkti aktyèl la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.