Konsèy sekirite a toujou rete divize sou dosye entèvansyon militè nan peyi a 

Ravensley Boisrond
ParRavensley Boisrond
konsèy sekirite a toujou rete divize sou dosye entèvansyon militè nan peyi a 

Anviwon de mwa aprè gouvènman ayisyen an te adrese l ak kominote entènasyonal la pou mande yon èd militè pou vin konbat gang yo nan peyi a, liy yo toujou pa bouje nan mitan manb konsèy sekirite a ki toujou poko mete yo dakò sou opsyon sa. 

Sou demann federasyon Larisi an, yon reyinyon òganize nan konsèy sekirite a ayè mèkredi 21 desanm lan pou pale sou ka Ayiti an. Yon reyinyon ki pa abouti ak anyen kòm rezolisyon kote chak pati a rete sou prèske menm pozisyon yo te genyen sa gen de mwa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan reyinyon sa, reprezantan Larisi an fè konnen, menm jan ak pèp ayisyen an, yo doute yon entèvansyon militè etranje ap kapab chanje tout bon vre sitiyasyon Ayiti an. Pou diplomat la, sitiyasyon Ayiti an se rezilta enjerans Etazini nan zafè peyi a ak konsekans kolonizasyn Lafrans lan. 

Bò kote Lachin ki te deja mete l dakò sou kesyon sanksyon kont gang yo ak moun k ap finanse yo an, toujou pa rantre nan dinamik voye fòs militè etranje nan peyi a. Pou reprezantan chinwa a, Nasyonzini ta dwe plis panche sou fason yo ka akonpanye PNH la. 

Madan La Lime, chèf Biwo entegre Nasyonzini an Ayiti an, toujou kwè li nesesè pou gen entèvansyon yon fòs militè etranje nan peyi an pandan l pwofite pou felisite fòs lòd yo ki te rive debloke Tèminal Varreux aprè plizyè semèn sou kontwòl bandi. 

Menm jan ak reprezantan Sekretè jeneral Nasyonzini an, Minis afè etranje Repiblik Dominikèn lan, Roberto Álvarez Gil, fè konnen akote fòmasyon pou Lapolis la, li nesesè pou gen yon entèvansyon militè etranje an Ayiti 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia