Pandan afwontman ki genyen ant bandi yo ak lapolis nan zòn Kafou Fèy depi fen mwa avril la, plizyè moun deja viktim bal mawon nan zòn Fontamara presizeman anba 2yèm Mapou a ki debouche sou Wout Sab la.
Abitan yo plenyen anpil akòz ensidan sa yo ki rekòmanse kreye panik nan 3yèm sikonskripsyon Pòtoprens lan, pami Viktim yo gen youn ki mouri, daprè eleman enfòmasyon ki rive jwenn nou.
Anplis anba Mapou, plizyè moun lòt kote temwanye pasaj bal mawon yo nan lòt katye nan Fontamara.
Wout Dal anpil moun oblije fè pou evite Pòtay Leyogàn akòz prezans cha blennde yo k ap fè fas ak bandi 5segond yo, zòn sa tou te gen gwo panik jodi Mèkredi 3 me 2023 a. Abitan yo nan zòn Wout Dal ak Kafou Fèy mande sipò lapolis la pou ede yo fè fas ak bandi san fwa ni lwa ki soti Gran Ravin, Village De Dieu, nan sousi pou yo okipe tèritwa sila a.
Facebook Comments