Polis Nasyonal Ayiti (PNH) fè konnen aprè demantèlman gang « Ti Makak » la anlè Petyonvil, li rive rekipere plizyè machin bandi sila yo te vòlè oubyen sezi aprè yo te fin kidnape moun.
PNH enfòme li kontinye operasyon li yo patikilyèman nan zòn Laboul ak Thomassin, 2 kote gang sila te konn komèt zak briganday sou popilasyon an. Se pandan menm operasyon sila yo li rive rekipere machin gang sa yo te vòlè yo.
Ekip Kowòdinasyon Près ak Relasyon Piblik (CPRP) PNH la rapòte yon lòt kote « se gras ak ranfòsman sistèm sekirite li a ak jefò kolektif PNH la, moun ki rete nan zòn sila yo rekòmanse aktivite yo ak kè poze », aprè plizyè lane yo te pase nan boulvès.
PNH la, nan yon nòt ki pibliye sou rezo sosyal li yo, pami yo Facebook, renouvle angajman li anvè popilasyon an pou l lite kont gang ame yo avèk efikasite, pandan l ap mande pèp la kolabore ak li.
N ap raple, depi lanmò “Ti Makak” aprè lapolis te touye l, gang li an kontinye pèdi teren. Anplis sa anpil bandi mouri anba men popilasyon an pandan mouvman popilè “Bwa Kale” a. Ayè madi a omwen 6 nonm yo idantifye kòm manm gang sila jwenn lanmò yo Jalouzi, yon bidonvil nan komin Petyonvil.
Facebook Comments