Migran yo kenbe sou lanmè yo pa p elijib pou pwogram «Humanitarian Parole» la

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
migran yo kenbe sou lanmè yo pa p elijib pou pwogram «humanitarian parole» la

Depatman deta ameriken ak sekirite enteryè nan peyi Etazini anonse tout moun k ap pran kanntè pou rantre ilegalman sou teritwa ameriken an pa p elijib pou pwogram sejou kondisyonèl administrasyon Biden lan lane depi kòmansman ane a.

Migran sa yo ki sòti toupatou nan rejyon an, prensipalman an Ayiti ak Kiba, pa p gen dwa patisipe nan pwogram «Humanitarian Parole» a ki bay yon estati legal ak tout sitwayen etranje ki vle rantre nan peyi Etazini pandan yon peryòd de lane.

« Tout moun k ap tante rantre ilegalman sou teritwa ameriken an pa p elijib nan pwosesis imigrasyon imanitè kondisyonèl yo», pawòl amiral Brendan C. McPherson ki se Kòmandan 7èm distrik Gad kot amerikèn.

Akote mezi sa yo, administrasyon amerikèn lan deside ranfòse kapasite l pou kontinye rapatriye tout migran k ap tante travèse fwontyè ameriken an ilegalman, prensipalman sila yo k ap pran kanntè epi ki pa ranpli kondisyon pou benefisye èd oubyen pwoteksyon.

Depatman deta ameriken fè konnen nan anons sa, nan tèt kole ak patnè li yo nan rejyon an, ogmante nan kantite vòl li abitye fè chak semèn yo pou rapatriye tout migran san papye yo k ap double oubyen triple pou kèk peyi.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.