Bandi ak zam louvri kout bal sou yon Soukomisarya nan zòn Tomasen 25 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
bandi ak zam louvri kout bal sou yon soukomisarya nan zòn tomasen 25 

Byen ta nan aswè lendi 10 oktòb 2022 a, endividi ak gwo zam fann fwa nan men yo, gaye katouch sou yon Soukomisarya nan zòn Tomasen 25. Malgre tantativ polisye yo pou te konbat malfwa yo, yo te gentan chape poul yo. 

Ajan yo ki sou pòs nan Soukomisarya sa a pat ka reziste, se te ak foul otomatik malfwa yo te pase . Polisye yo te blije mande ranfò sou rezo sosyal yo, pou yo te kapab repouse bandi yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jiska moman redaksyon atik sa a, poko gen pyès nouvèl sou kantite moun ki ta viktim nan atak sa a. Selon kèk abitan nan zòn nan, ensidan sa a debouche sou yon « Bagdad. » 

Atak bandi ak zam ilegal nan men yo vin ap repete prèske chak jou, sitou sou Pòs polis yo, jedi 22 septanm pase a, malfektè san ginen touye yon polisye nan komisarya Titanyen an. 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.