De jou an jou komin Petyonvil ap sonbre anba fenomèn ensekirite a k ap pran teren. Ayè mèkredi a nèg ak gwo zam fann fwa debake nan Meyòt epi mete dife nan sou komisarya lokalite sila.
Alòske moun t ap kouri nan tout direksyon pou kite zòn nan – yon sèn trajik k ap dewoule depi kèk semèn deja – bandi ak zam debake nan yon antèn polis ki nan Meyòt, komin Petyonvil, vòlè sa yo kapab epi mete dife nan espas la.
Lapli ki t ap tonbe pa t anpeche delenkan yo komèt zak la, epi vire do yo ale kè pòpòz. Plizyè temwen idantifye yo kòm bandi ki ta fè pati gang « Kraze baryè » Vitelhomme Innocent ap dirije.
N ap raple, se pa premye zak menm jan gang sila komèt nan kapital la. Genyen dwèt ki lonje byen long sou yo nan dife ki te mete nan sou komisarya Pènye a an janvye pase, ak nan sou komisarya Fò Jak la, mwa mas pase.
Facebook Comments