Seleksyon Ajantin lan pran premye plas klasman FIFA a

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
seleksyon ajantin lan pran premye plas klasman fifa a

Seleksyon nasyonal Ajantin lan ki te ranpòte dènye Koupdimond lan nan peyi Kata, monte nan premye plas klasman FIFA a ki pibliye jodi jedi 6 avril la. Albiceleste yo pase devan seleksyon Brezil lan.

Jan sa te anonse depi avan dènye trèv entènasyonal lan, Albiceleste yo ki te fè yon bèl pakou nan peyi Kata kote yo ta pral pran twazyèm tit chanpyon dimond yo, rekonpanse ak premye plas sa nan nouvo klasman FIFA a ki sòti pou mwa avril la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Seleçao an ki te okipe premye plas la jiska dènye klasman ki te sòti 22 desanm ane pase an, desann nan twazyèm posizyon aprè echèk yo nan mondyal Kata a kote yo pa t reyisi ale pi lwen kadefinal avèk eliminasyon yo fas Kowasi.

N ap mansyone, finalis malere dènye edisyon Koupdimond lan, Lafrans, monte nan dezyèm plas klasman an prensipalman gras ak de bèl viktwa yo nan eliminatwa Euro 2024 la kont Peyiba ak Irlann.

Men  Top 10 seleksyon k ap domine foutbòl la

1- Ajantin

2- Lafrans

3- Brezil

4- Bèljik

- Advertisement -
Ad imageAd image

5- Angletè

6- Peyi Ba

7- Kwoasi

- Advertisement -
Ad imageAd image

8- Itali

9- Pòtigal

10- Espay

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.