Bandi anvayi Ladwàn Pòtoprens 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
bandi anvayi ladwàn pòtoprens 

Biwo santral Administrasyon Jeneral Ladwàn (AGD) anba kontwòl bandi ak zam depi kèk jou. Nan lannwit lendi 6 mas 2023 pou al bout 4 mas nan maten, plizyè nèg ak gwo zam fann fwa antre anndan epi piye espas la ki sitiye li nan sant vil Pòtoprens, Bisantnè, pa lwen lokal ofisyèl Primati a te ye oparavan.  

Aprè yo fin dezame plizyè ajan ki t ap sekirite espas la epi fè yo sove ale, otè zak yo piye plizyè biwo AGD, yo pran founiti ak lòt materyèl epi ale avèk yo abò plizyè machin. Malgre alèt responsab enstitisyon sila yo te bay lapolis sou sitiyasyon an depi nan wikenn nan, fòs lòd yo pat entèvni nan menm moman an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Bandi yo pran tout sa yo kapab, sèn piyaj yo te kontinye rive jiska ayè madi a piti piti.  

N ap raple, depi kèk tan sèvis prensipal yo nan AGD te transfere nan Ladwàn ki nan ayopò a akòz klima ensekirite ki genyen nan sant vil Pòtoprens lan, patikilyèman nan zòn ki loje Biwo santral la. Tout lasent jounen bandi ap toke kout zam la oubyen ransone tout antrepriz ak enstitisyon ki genyen la. 

Avan AGD te kite anba a, gwoup ak zam yo te deja fè ni Palman ak Primati Repiblik la epi Pakè Pòtoprens bay zòn nan. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.