Yon mwa apre enstalasyon Wo Konsèy Tranzisyon an, plenyen yo deja kòmanse  

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
yon mwa apre enstalasyon wo konsèy tranzisyon an, plenyen yo deja kòmanse  

Deja yon mwa aprè enstalasyon Wo Konsèy Tranzisyon (HCT) an, plenyen yo deja kòmanse. Ayè madi a, Prezidant HCT a, ki se Mirlande Hyppolite Manigat raple Wo Konsèy Tranzisyon an loje nan 5yèm etaj Ministè Komès ak Endistri an, nan yon espas kote biwo yo pa byen ekipe. Prezidant HCT a fè konnen gen gwo difikilte pou yo fonksyone paske yo poko resevwa nan men gouvènman an mwayen ki nesesè pou akonpli misyon yo. 

Nan emisyon Panel Magik sou radyo Magik 9, Prezidant Wo Konsèy Tranzisyon an Mirlande Manigat fè konnen HCT a ap eseye mete tèt li kanpe, men kote yo ye a pa apwopriye. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Li se yon batiman espesyal. Nou nan 5yèm etaj Ministè Komès la. Gen mèb men pa gen okenn biwo. Nou pa menm ka jwenn yon fèy papye. Nou gen difikilte pou nou fonksyone kòm yon enstitisyon », te fè konnen konstitisyonalis la ayè madi 7 fevriye 2023 a. 

Pandan sitiyasyon sekirite a ap deteryore pi plis toujou, Myrlande Manigat te eseye rasire popilasyon an sou efò Wo Konsèy Tranzisyon an deja fè ki, daprè li, ap travay san pran souf pou bay rezilta. 

Mete sou sa, Mirlande Manigat deklare yo gen enpresyon piblik la espere anpil nan men yo, tout pandan li konnen yo ka pa kapab satisfè dezi ki pi enpòtan yo, sitou anrapò ak fenomèn ensekirite a. 

 « Se gouvènman an ki pou asire sekirite popilasyon an », afime Mirlande Manigat, tout pandan li fè konnen akò 21 desanm lan te prevwa yon remaniman nan gouvènman an plas la, men malerezman  jiskaprezan, Premye Minis la poko bay okenn siy ki montre li pral chanje minis, jan sa te  pibliye nan jounal Monitè.  

Yon lòt bò, Prezidant HCT a voye jete enfòmasyon ki fè kwè manm enstitisyon an se nan pitye gouvènman an yo ye, kote se sou lòd Ariel Henry yo ap mache. »Se yon manti, se pa sa li ye ditou », Presezi ansyèn Premye Dam nan.
 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.