Boston elimine Atlanta Hawks nan premye tou playoffs la

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
boston elimine atlanta hawks nan premye tou playoffs la

Nan lanwit jedi a, Boston Celtics genyen Atlanta Hawks 128-120, franchiz Massachusetts la genyen seri a 4-2, nan 2zyèm tou a yo pral toke kòn yo ak Philadelphie Sixers, yon rankont ki anonse anpil pwomès nan NBA, pou n pa di yon final avan lè. Jaylen Brown ak Jayson Tatum se 2 eleman enpòtan nan bèl viktwa Celtics yo.

Ak yon bon Jaylen Brown ak Jayson Tatum, Boston Celtics pase premye tou a sou Atlanta Hawks, chak jwè sa yo fè 32 epi 30 pwen. Brown ak Tatum rejwen Lary Bird ak Kevin McHale nan istwa Franchiz Massachusetts la ak 30 pwen sa yo make ankò a. Siksè sa bay Celtics yo biyè pou demi final Konferans lan, yon demi final fas ekip Philadelphie Sixers la.

Aprè Miami Heat te fin mete Bucks yo deyò, Boston Celtics ak Atlanta Hawks se 2 favori nan Koneferans lan, sa ki fè rankont sa se yon final avan lè.

Si jwè Boston yo te jwe pou genyen malgre kèk maladrès nan premye mitan, men yo ta pral leve nivo a pou yo bat match la epi pa bay chans ak Dejoute Murray, jwè Hawks la te oblije tan 20 minit avanl te mete premye panye l nan match la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article