Bandi ak zam k ap opere nan katye Kanaran mete dife nan yon machin blende lapolis maten Samdi 12 novanm lan sou wout National #1 an. Polisye yo ki te nan veyikil la te toutswit sove kite cha a nan moman bandi yo t ap eseye pwovoke yo, daprè yon sous polisyè.
Bandi san ginen sa yo te mete dife nan machin blende a pandan menm machin nan te tonbe nan yon twou.
Daprè premye eleman enfòmasyon yo, Ofisye polis yo ki te andedan machin nan te gentan kite zòn nan. « Pa gen okenn viktim ki te anrejistre nan klan polis la », te presize yon kad nan enstitisyon an. Nan videyo k ap sikile sou tout rezo sosyal yo, nou te ka remake materyèl lagè PNH la a bandi yo mete dife a abandone nan katye a.
Li ta dwe enpòtan pou nou raple w, gang yo ki nan katye Kanaran an pa sispann kontinye fè pase lòd yo sou wout National # 1 an. Yo touye, vyole epi detounen kamyon machandiz k ap fonksyone sou gran wout sa a.
Facebook Comments