Bandi yo bouche wout yo bò simityè Potoprens lan pou fòse moun pase Pòtay Leyogàn

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
bandi yo bouche wout yo bò simityè potoprens lan pou fòse moun pase pòtay leyogàn

Lapolis nan kad operasyon y ap mennen depi anviwon 2 semèn nan zòn Pòtay Leyogàn ak Vilaj de dye oblije kanpe tout entansyon yo te genyen akoz yon estrateji bandi yo anplwaye pou fòse moun k ap sòti nan rantre sid kapital la pase Pòtay Leyogàn nan sousi pou entimide tout entansyon lapolis la nan operasyon sa a.

Pandan 2 semèn sa yo, se machin blennde ki te sanse okipe espas Pòtay Leyogàn lan. Machin yo ki sòti nan rantre sid kapital la te oblije pase nan zòn Riyèl Alèt nan lide pou evite nenpòt moun viktim nan zòn Pòtay Leyogàn. Bandi yo ki konn sa, fè akolit yo bloke rantre simityè Pòtoprens lan pou fòse moun pase Pòtay pou anpeche tout tantativ PNH la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Bandi yo montre yo se estratèj fas polisye yo. Malgre entimidasyon cha blennde yo ki te Pòtay Leyogàn lan, malfra yo pa brennen, olye de sa, yo fòse popilasyon an k ap bouske lavi pase anba bouch yo pou twouble ajan fòs lòd yo.

Yon inisyativ ki oblije polisye yo repliye sou entansyon yo ki se te elimine gwoup gang 5 segond lan nan Vilaj de Dye. Fas sitiyasyon sa, fòs lòd yo pou kounya ap etidye lòt estrateji pou mete bandi sa yo nan vrè wòl yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.