Tabak se youn nan pi gwo lènmi lasante

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
tabak se youn nan pi gwo lènmi lasante

Anpil moun fimen, konsome tabak souvan epi inyore konsekans yo. Tabak pa bon pou okenn ògan nan kò a. Se yon pwodui sikotwòp ki fèt ak fèy ki gen nikotin. Pwodui sa gen anpil lòt pwodui chimik, sa ki fè li se yon dwòg ki kreye depandans kay konsomatè li yo epi bay anpil pwoblèm sante. Moun pran tabak plizyè fason : fimen sigarèt, pip, pran fèy la sèch, melanje l ak kanabis pou l vin yon « jwen ». Yon moun ki deside kanpe pratik sa kapab gen pwoblèm tankou nève san rezon, pè pou anyen, tris nan moman li vle sevre a. Nan atik sa n ap mete aksan sou konsekans yo ak fason yon moun kapab kite dwòg sa.

Anpil etid ki reyalize montre fimen yon sigarèt gen gwo enpak sou sèvo yon moun. Se yon sibstans ki adiktif. Nan peyi Etazini, 20% moun ki mouri se akoz tabak, san bliye anpil lòt danje li poze. Sa ki eksplike konsekans yo anpil.

Men kèk konsekans tabak genyen sou kò a

Pou fanm ki ansent k ap konsome tabak, konsekans yo anpil. Timoun ki nan vant lan kapab gen pwoblèm pou l respire. Timoun sa tou kapab gen pwoblèm ak pwa li, fèt avan lè epi menm mouri pendan l ap fèt, sa espesyalis yo rele sendwom lanmò sanzatann kay ti bebe a. Kidonk tabajism la se yon maladi pediatrik.

Moun k ap pran tabak kapab konnen efè yo san pran tan epi gen lòt aprè kèk ane. Nan sa ki gen pou wè ak efè imedya yo se: sèvo a ki estimile anpil enèji ak konsantrasyon moun lan ogmante epi apeti a diminye. Poutan, pou yon moun ki pa t gen abitid pran tabak, l ap krache san rete epi l ap santi l cho anpil. Pou moun ki pran fèy tabak la, yo kapab gen dyare, vomisman, swe epi vin fèb.

Yon lòt bò, pwoblèm k ap vini aprè kèk ane yo se : kansè nan poumoun, maladi nan atè yo, pwoblèm kadyak, kansè nan vesi a, ozofaj, fwa, ren, gòj, elatriye. Moun lan kapab gen enfeksyon respiratwa, maladi nan jansiv li, pwoblèm seksyèl ak paka fè pitit.

Kijan yon moun kapab trete tabajism lan?

Sispann fimen se yon bagay ki difisil paske moun ki vle kanpe sou tabak la kapab retounen ladan l. Sa ki fè moun lan dwe swiv yon tretman, itilize kèk antitabajism tankou tenb, chicklèt, pastil.

Medikaman tankou bupropion (Zyban) ak Vareniklin (Champix), 2 medikaman sa yo paka pran si se pa yon doktè ki bay yo. Lòt bagay ki ka fèt se lè moun lan deside tout bon pou l kite l. Soutyen fanmi l ak zanmi l epi yon gwoup soutyen kapab ede moun sevre tèt li ak tabak.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article