Bank komèsyal yo sou tout teritwa peyi a pral fonksyone apati lendi 3 oktòb k ap vini la pandan 3 jou pa semèn, daprè asosyasyon pwofesyonèl bank yo (APB).
Nan yon nòt ki pote dat premye oktòb 2022 a, APB enfòme piblik la an jeneral sou nouvo desizyon ki pran pou fè Bank yo fonksyone inikman jou lendi, mekrèdi ak vandredi, akoz kriz gaz peyi a ap konnen depi kèk tan.
«Apati 3 oktòb 2022 k ap vini la, sikisal diferan bank yo k ap opere sou teritwa nasyonal la pral ouvri pòt yo ak kliyantèl la jou lendi, mekrèdi ak vandredi, nan lide pou kapab sèvi kominote a pi lontan posib fèb rezèv gaz enstitisyon bank yo ap pèmèt sa.»
Nouvo dispozisyon sa ki pran an ap kenbe jiskaske gen yon regilarizasyon nan apwovizyonman pwodui petwolye yo, daprè Asosyasyon pwofesyonèl bank yo.
Asosyasyon an reklame konpreyansyon piblik la fas ak mezi eksepsyonèl sa e swete gen yon solisyon ki jwenn rapidman ak sitiyasyon dramatik sa, daprè sa ki di nan nòt sa.