Repiblik dominikèn : Ayisyen pa gendwa pwoteste kont « entèvansyon kominote entènasyonal » la nan Pak endepandans lan 

Ravensley Boisrond
ParRavensley Boisrond
repiblik dominikèn ayisyen pa gendwa pwoteste kont « entèvansyon kominote entènasyonal » la nan pak endepandans lan 

Plizyè nasyonalis dominiken te kanpe an kwa pou pyès Ayisyen pat vin fè yon veye nan Pak Endepandans (Parque Independencia), ki nan Distri Nasyonal la, pou te pwoteste kont «entèvansyon kominote entènasyonal la nan peyi d Ayiti ». 

Plizyè reprezantan nasyonalis te fè konnen yo pa p bay Ayisyen yo dwa pou manifeste devan Lotèl Patri a. Yo te di Ayisyen yo gen dwa sa sou teritwa yo a.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Chèf mouvman ansyen lòd dominiken yo, Angelo Vàsquez, sèmante li « pare pou l bay vi li pou Repiblik dominikèn », li pap pèmèt yon bagay konsa fèt, pandan l te di « Ayisyen yo genlè fou, yo panse yo ka vin mache sou Lotèl Patri a, kote rès Juan Pablo Duarte ap repoze». N ap raple Pablo Duarte se yon aktivis ak endepandantis dominiken. 

Plizyè lòt dominiken te menm di yo pare pou goumen pou Repiblik dominikèn, yo pa p kite pèsonn vin sal teritwa yo a. Yo te menm ap sikile ak bandwòl ki manke « trèt yo dwe mouri ». 

Nan dat 29 septanm nan plizyè dizèn Ayisyen an Repiblik dominikèn te konte rasanble nan Pak Endepandan lan, kay vwazen. Avèk balèn ki limen nan men yo, yo te konte voye yon mesaj bay kominote entènasyonal la ki re deklare mouvman k ap fèt an Ayiti yo se zafè gang k ap regle. Malerezman Dominiken yo anpeche mouvman fèt. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia