Bandi ak zam abò yon moto siklèt, tiye yon adolesan 17 lane ki rele Charles Dawensky, nan kimin Kafou, jou ki te jedi 29 septanm 2022 a, devan Sant Akèy la pa twò lwen sant espòtif la. Ensidan sa a pase nan moman timoun yo nan Sant Akèy la tap manifeste kont move kondiyon lavi y ap fè fas depi kèk jou andedan sant lan.
Divès timoun ki fè pati sant akèy Kafou a te tanmen yon mouvman pwotestasyon jedi pase a, nan sousi pou denonse move kondisyon lavi andedan sant lan, selon sa yo di, yo gen plizyè jou andedan an san manje.
Pandan mouvman an, yo te drese barikad nan lari a, sitou devan sant yo a, yo te plizyè ki te okipe lari a pou fè tande revandisyon yo. Plizyè endividi ki te abò yon moto tire plizyè katouch sou yo, alòske yo tap manifeste pasifikman.
Charles Dawensky, se non jenn adolesan sa a ki genyen sèlman 17 lane, ki rive viktim yon bal nan tèt, aprè endividi san fwa ni lwa yo te fin tire sou ti lèzany yo, ki tap revandike dwa yo ki pa respekte. Aprè zak la a, yo te tou pwofite bloke wout la pou kontinye revandikasyon yo, epi mande jistis pou viktim nan ki mouri anba je Leta peyi a, alòske pyès enstans nan nivo leta a pa fouye bouch nan koze a.