Bank yo pa otorize retrè plis pase 100 dola ameriken

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
bank yo pa otorize retrè plis pase 100 dola ameriken (1)

Plizyè bank sou teritwa a tanmen yon nouvo pratik ki pa fè kliyantèl yo byen ditou. Aktyèlman yon moun paka retire plis pase 100 dola ameriken sou kont pèsonèl li menm si l ta gen yon ijans ki nesesite sa.

Genyen anpil plenyen sètansi akòz bank yo bay limit kòb yon moun gendwa retire sou yon kont e li paka depase yon biyè Benjamin Franklin. Plizyè kliyan rapòte divès pawòl sila ki sou kès yo bay pou yo pa depase limit 100 dola a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan plizyè sikisal nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan se pa de plenyen ki pa genyen, genyen moun ki menm pete eskonbrit anndan pou yo ba yo kantite lajan ameriken yo bezwen an. Yo deklare « lajan yo se pou yo, yo gendwa pran kantite yo vle, lè yo vle ! ».

Konsa tou pou kontrekare retrè k ap fèt an ameriken yo, sila k ap sèvi yo souvan fè konnen « kantite dola yo te genyen an fini » oubyen « yo sispann sèvis la definitivman pou jounen an ». Sa ki lakòz dè fwa si yon moun gen ijans, li mache apante plizyè sikisal bank nan lide pou l ka jwenn kantite kòb li bezwen an, evidamman si lòt kote li ale yo pa ba li menm diskou a kenbe.

N ap raple bank yo vini avèk pratik sila nan moman dola ameriken an ap souflete goud la chak jou pi plis (154,01 pou jodi jedi 14 avril 2023 a), epi biwo transfè yo refize bay moun lajan yo an dola lè moun lòtbò voye l bay yo, tout sa malgre divès denonsyasyon ki fèt sou zafè sila a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.