Benzema fè 400 gòl pou klèb nan karyè li

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
benzema fè 400 gòl pou klèb nan karyè li

Avèk gòl li make nan dènye Clasico a, Karim Benzema atenn ba 400 gòl nan karyè l pou klèb sèlman. Fransè a te kòmanse fè filè yo tranble depi lè l te nan Olympique Lyonnais men se ak Real Madrid li reyalize plis bagay e make plis gòl.

Dimanch ki sot pase a, Barcelone kase met nan men Real Madrid nan Sipèkoup Espay la (3-1). Se Benzema ki te sove lone pou Madrilèn yo nan dènye minit match la. Grenn gòl sa pèmèt li make 400è gòl li nan karyè l pou klèb. Gen anpil gwo akonplisman ki kache dèyè tout kantite gòl sa atakan fransè a make a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou l rive atenn ba sa, Karim jwe 769 match pou Real avèk Lyon. Li te make 66 gòl pou klèb Lyonè a nan 148 match. Pou Casa Blanca a se pa pale. KB9 fè 334 gòl pou Real Madrid nan 621 match. Kapitèn Merennge yo make 227 gòl nan Liga a, 86 nan Champions League la epi 43 nan Ligue 1 an.

Pou lòt konpetisyon yo, Copa del Rey, Sipèkoup Espay, Sipèkoup Ewòp, Trophée des Champions ak Coupe de France, Benzema totalize 44 gòl.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.