Poukisa li fè frèt konsa pandan dènye jou sa yo ? 

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
poukisa li fè frèt konsa pandan dènye jou sa yo  

Pandan dènye moman sa yo, anpil moun ap plenyen koz li fè yon fredi san parèy. Depi nan aswè pou bout jouk nan demen maten, ou ta gen enpresyon se lanèj k ap tonbe tèlman nivo fredi a egzajere. Sitou lè w selibatè, menm lè w itilize dra li sanse pa ka fè anyen pou ou. 

Daprè inite idrometeyolojik Ayiti (UHM), se yon sitiyasyon ki antisiklòn ki limite aktivite konektiv yo sou yon gwo pati nan rejyon anti yo. Se pou rezon sa aktivite lapli a parèt difisil koz antisiklòn nan,  twouve l nan atlantik Nò a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

L’UHM eksplike nan dènye bilten li pibliye a, tanperati fwad sa anpil moun remake pandan dènye jou sa yo, se koz dinamik atmosfè a. Epi li souliye se paske tè a elwanye solèy la ki fè tanperati a konsa. Fenomèn sa rele  » Aphelion ». 

Èske sitwayen yo benyen vrèman pandan peryòd sa ? 

Plizyè sitwayèn deklare zafè benyen an pa fasi l, sitou nan maten. Genyen ki di dlo frèt la kapab fè yo fè divès maladi tankou bronch ak divès lòt. Genyen  ki fè konprann, menm lè yo ta peye yo, yo pap benyen. Bò kote elèv lekòl yo menm se pa pale. 

Si w ap pote anpil atansyon, w ap kapap kontastate lè de moun kwaze swa nan manten oubyen nan aprè midi, youn ap poze lòt kesyon  » èske w te benyen? yon kesyon ki trè popilè pandan peryòd sa. 

Tout moun dwe pran swen kò yo se vre. Men pandan tanperati a konsa, li t ap pi bon pou nou fè anpil pridans. Si non, gen posibilite pou n fè maladi nou pat menm imajine, nou kapab toujou benyen men se lè solèy la kòmanse kale je l. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.