NETALKOLE

Benzema se 2zyèm jwè ki jwe plis match pou Real Madrid nan Champions League la

Nan kad kadefinal ale Champions League la, ki mete Real Madrid bab pou bab ak Chelsea, remake kadefinal sezon 2022 a. Benzema pote mayo Marengue a 130 fwa nan konpetisyon an, sa ki fè li rejwenn Raul nan klasman epi vini 2zyèm jwè nan do Iker Casillas ki pote mayo Casablanca plis nan Champions League la.

Aprè 130 match nan Champions League la, Karim Benzema jwenn Raul ki te gen 130 fwa li jwe sou mayo Real la, sa ki fè fransè a se 2zyèm jwè nan istwa klèb la ki mouye mayo a plis nan Champions League la aprè gadyen Espanyol la, Iker Casillas, ki gen 150 match li jwe ak Real Madrid nan Koup gwo zoréy la.

Balon dò 2022 a, ki se ansyen jwè Lyon , jwe jodi mekrèdi a 149vyèm match li nan istwa Champions League. Nan klasman jwè ki pote mayo ekip Real Madrid la plis nan konpetisyon an se Iker Casillas (150), Karim Benzema (130) epi Raul (130). Karim Benzema kapab depase Raul, 18 avril kap vini la pou kadefinal retou Champions League la la fas ekip Chelsea nan Stamford Bridge la.

Nimero 9 Real Madrid la afwonte anpil ekip nan konpetisyon an, ekip li jwe plis yo se : Liverpool, Bayern epi Shakhtar Donetsk, chak ekip sa yo, li jwe 8 fwa kont yo.

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Articles Similaires

1 de 1 075