Bisantnè : Bandi ak zam kidnape Jiris Cherza Oriza 

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
bisantnè bandi ak zam kidnape jiris cherza oriza 

Nèg ak zam kidnape jèn jiris Cherza Oriza sou wout bisantnè a ayè madi 24 janvye 2023 a. Bandi san fwa ni lwa yo mande yon sòm lajan egzajere, fanmi viktim nan pa menm ka reponn ak egzijans malveyan yo. Pou rezon sa a, yo mande liberasyon pitit yo san kondisyon.

Ka kidnapin yo pa sispann ogmante depi kèk tan nan peyi a, malgre tout previzyon ki te fèt pandan fen ane 2022 a, pou 2023 a te kapab miyò nan sousi pou pèp la ta rale yon ti souf, men malezman nèg ak zam toujou gen kontwòl katye yo, sitou zòn popilè yo.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ane 2023 a kòmanse ak yon vizaj fennen. zak malonèt yo pa sispann pwodwi toupatou nan kapital la, pèsòn moun pa epanye. Ayè madi 24 janvye a endividi ak zam te kidnape istoryen epi pwofesè Pierre Buteau, nan zòn Tomasen 32 touprè lakay li, nan menm dat la yo kidnape Jiris Cherza Oriza sou wout bisantnè a. 

Malgre gouvènman an plas la ta fè kwè t ap gen yon entèvansyon militè k ap rantre nan peyi a pou vin mete yon bout ak kesyon gang ki fin pran tout teritwa nasyonal la. Pou jis kounyè a pèsòn moun pa wè anyen, bagay yo toujou rete menmman parèyman. Nèg ak zam yo kontinye ap enpoze lwa yo sou tout peyi a epi yo fè sa yo pi pito. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.