Aprè 10 lane sou mayo Real Madrid la, Luka Modric swete fè yon lòt eksperyans pou l ka mete yon bout nan karyè li. Daprè ‘Alyaum’, ki se yon medya nan peyi Arabi Sawoudit, star Kwoat la ta sanble siyen yon kontra ak klèb Al-Nassr pou 40 milyon ero chak sezon, kote l pral rejwen C.Ronaldo nan mwa jen k ap vini la.
Luka Modric kapab kite Real Madrid pou fen sezon k ap vini la, pou l al jwe nan klèb Al-Nassr kote ansyen koyekipye li C.Ronaldo ap evolye nan peyi Arabi Sawoudit. Daprè ‘Alyaum’ ki se yon Sawoudyen, Balon dò 2018 la ta mete l dakò pou yon kontra 40 milyon ero chak sezon.
Aprè pèfòmans Mondyal 2018 ak 2022 a epi 5 Lig Champyon, Luka Modric montre li se yon jwè apa nan plas li jwe a, ki se milye teren. Jwè ki kapab pran retrèt entènasyonal li aprè Final Four a nan Lig Nasyon yo a ak Kwoasi avan li rejwenn C.Ronaldo nan peyi Arabi Sawoudit pou mwa jen an.
Ak 37 lane, Luka Modric pral resevwa 40 milyon ero chak sezon ak Al-Nassr, petèt se dènyè kontra li. Aprè C. Ronaldo yon lòt gran jwè pral evolye nan Lig Arabi Sawoudit la.
Transfè C.Ronaldo a se yon lòt paj nan istwa foutbòl la. Se te yon posibilite pou anpil jwè ki ap evolye nan chanpyona ewopeyen yo vin bay foutbòl Arabi Sawoudit la yon lòt vizaj ak lòt nivo.
Facebook Comments