Nan yon nòt ki pibliye sou rezo sosyal yo, Biwo entegre Nasyonzini (BINUH) kondane ak tout fòs li zak sasinay ki fèt dimanch 9 avril ki sot pase a sou twa polisye yo nan komin Petyonvil.
Depi kòmansman ane an, Lapolis la pa sispann konte viktim nan kan li. Endividi ki ta fè pati gwoup ame ki gen nan tèt li chèf gang ki pote non «Ti Makak» la touye 3 lòt polisye ki ta pran nan yon anbiskad nan Tomasen.
Biwo entegre Nasyonzini ki reyaji sou zak sa ayè lendi 10 avril la, di li kondane asasina twa polisye sa yo epi voye senpati l bay fanmi viktim yo ak kò Lapolis la ki touche avèk disparisyon twa ajan sa yo.
Anviwon 24è aprè asasina brital twa polisye sa yo, PNH la mennen yon operasyon nan baz gwoup ame sa kote anviwon sèt bandi manm gang sa tonbe ak de zam gwo kalib ki sezi daprè biwo kominikasyon Lapolis la sou rezo sosyal yo.
Facebook Comments